Recents
documents mis en ligne ici
Bilten espesyal sant dokimantasyon SAKS (mas-avril 2007)
Zanmi Lektè, onè respè !
8 mas ki sot pase la te make jounen entènasyonal fanm. Nan bilten peryòd sa a ann pran ti chèz ba nou pou n fouye pwoblèm fanm yo nan rasin kote l jouke. Anpil fwa nou tande plizyè òganizasyon fanm k ap batay toujou ap klewonnen egalite nan mitan fanm ak gason. Sa se yon revandikasyon ki jis paske gen anpil fòs kote nan mitan 2 kategori moun sa yo. Gwo revandikasyon sa a nan bouch fanm ki nan tout kouch sosyal nan sosyete a, men anpil fwa yo pa chita pou pran sans koze sa a. Kòm n ap (...)
Bilten espesyal Sant dokimansyon SAKS
Sant dokimansyon SAKS mete chapo ba pou salye tout zanmi lektè, òganizasyon baz ak radyo kominotè yo k ap batay pou chanje eskanp figi kominote kote yo tabli yo. Sant dokimantasyon an swete nou tout pase yon bon lane 2007. Nan bilten espesyal sa a nou pral pale sou jounen 21 fevriye ki se te jounen entènasyonal lang manman.
Depi nan lane 1999, UNESCO (Oganizasyon Nasyonzini pou Edikasyon, Lasyans ak Lakilti), pwoklame « 21 fevriye », jounen entènasyonal lang matènèl (lang manman). Dat sa a koumanse (...)
Byenvini nan Sant dokimantasyon SAKS
 Anjeneral, yon Sant Dokimantasyon se yon lokal kote nou ka jwenn tout kalite dokiman nou bezwen : pou amelyore konesans nou, pou prepare yon travay pou lekòl, oswa pou ede nou reflechi sou yon kesyon espesifik, oswa pou reyalize yon rechèch, ets. Sant Dokimantasyon SAKS li menm ap ba nou posibilite pou n vin konsilte liv, revi, jounal, kasèt odyo, kasèt videyo sou sijè ki gen rapò ak kominikasyon sosyal, ak edikasyon popilè, ak lit mas popilè yo pou chanjman demokratik ann Ayiti tankou lòt bò.
SAKS - pou (...)
|
|