Recents
documents mis en ligne ici
Ajennda “Nou pap dòmi bliye” 2010 la pare
 Lane 2010 la make 11zyèm edisyon Ajennda “Nou pap dòmi bliye”. Depi eksperyans lan te kòmanse nan lane 2000, Sosyete Animasyon Kominikasyon Sosyal (SAKS) pa janm manke randevou pwodwi Ajennda sa a pou raple tout zanmi li yo chimen pou n tabli sosyete san fòs kote a long anpil. Yon Ajennda ki charye lide, opinyon ak vizyon yon bann moun ak sektè ki kwè lòt kalte sosyete a, lòt Ayiti a posib e k ap travay pou tabli lòt kalte vizyon sa a nan tout rakwen peyi a.
Ajennda popilè “Nou pap dòmi bliye” (...)
Ajennda Nou pap Dòmi bliye pou lane 2009 la pare
 Tan yo ap chanje se vre ! zouti yo ap chanje tou !... Men batay pou ede tabli yon sosyete san fòs kote a pa kanpe, se yon nesesite ! Se poutèt sa, ane sa a ankò Sosyete Animasyon Kominikasyon Sosyal SAKS mete deyò ajennda 2009 « Nou pa p Dòmi Bliye » a. Ajennda a vin pi banda, men li toujou rete zouti konsekan pou ede w planifye aktivite w jou apre jou pou ane 2009 la.
Ane sa a Ajennda vini ak anplil tèks k ap prezante plas ak enpòtans zouti teknoloji enfòmasyon ak kominikasyon yo pou sektè popilè a, kit se nan zafè (...)
Poukisa yon Ajennda Popilè ?
 Sa fè deja 9 lane depi SAKS ap pwodui ajennda popilè « Nou pap dòmi bliye ». Ajennda a rete toujou yon gwo zouti ki pèmèt nou pataje lide nou, krent nou, men tou konsèy ak eksperyans nou sou teren an, mete sou posibilite pou nou pran lapawòl, di klè ki kote nou vle ale ak lespwa nou pou lane k ap vini an. Ajennda a pote tou yon tranch listwa tankou yon rafrechi memwa sou moman viktwa nou, lapenn nou ak lajwa nou. Ak ajennda popilè a, Sosyete Animasyon Kominikasyon Sosyal pwopoze yon zouti tou k ap ede w (...)
Ajennda 2007 « Nou Pap Dòmi Bliye » a pare
 Sosyete animasyon kominikasyon sosyal, SAKS fè tout moun konnen Ajennda 2007 « Nou pa p dòmi bliye » a pare.
Ajennda a rete yon gwo zouti ki pèmèt nou pataje lide, krent, konsèy nou. Men tou, li pèmèt nou di ki kote nou vle ale, lespwa nou pou lane k ap vini an. Se yon zouti k ap ede w planifye aktivite w chak jou pandan li pote pou ou anpil lòt enfòmasyon k ap itil ou.
Pou lane 2007 la, ajennda a tabli sou tèm : « Ki lespwa sekè popilè a ? Fòk nou resantre mouvman an ! Konsa li pote refleksyon ki se mak fabrik (...)
Kèk emisyon ou ka jwenn nan SAKS
FOUYE RASIN
Fouye Rasin se yon seri mikwo pwogram ki bay kèk enfòmasyon sou istwa anviwonman zile a (Ayiti / Sen Domeng) SAKS ak UDECA reyalize ansanm nan kad batay y ap mennen pou sansibilize popilasyon zile a sou pwoblematik anviwonman y ap viv la. Nan fouye rasin nou jwenn 20 mikwopwogram sa yo :
1- Premye kout pikwa
2- Lò madichon
3- Lespri kolon 1
4- Lespri kolon 2
5- Diskisyon kolon
6- Reyaksyon Chal 5
7- Pirat
8- Lespri Afriken
9- Pèwokè 1
10- Madanm refòm agrè
11- Chef antrepriz
12- Move dlo (...)
Kèk emisyon ou ka jwenn nan SAKS
Nan jefò pou kore pwogramasyon radyo kominotè yo, SAKS reyalize kèk program edikatif ki makònen ak reyalite kominote nou yo. Pwogram sa yo gen pou objektif prensipal ede popilasyon an wè pi byen pwoblèm y ap viv, analize pwoblèm yo, epi aji sou pwoblèm yo. Konsa nou jwenn diferan pwogram, ladan yo “Chwazi lavi ak Mayi m nan solèy” nou prezante mwa sa a.
CHWAZI LAVI
Se yon pwogram ki genyen plis pase30 emisyon ki difize ladann. Chak emisyon dire anviwon 15 minit. Se yon pwogram edikasyon ak enfòmasyon (...)
Lis emisyon ou ka jwenn nan SAKS.
Nan jefò pou kore pwogramasyon radyo kominotè yo, SAKS pwodui divès pwogram edikatif ki trete divès tèm, tankou : Dwa moun, dwa fanm, edikasyon popilè elatriye ...
Gen nan yo SAKS reyalize ak konkou lòt enstitisyon ak asosyasyon k ap travay nan domèn edikasyon popilè, dwa moun, ak lòt ; tankou Fanm doubout, Kase kòd te reyalize nan tèt kole ak ICKL, Drese Kay la ak INESKO, Kòzman fanm avèk APROSIFA .
Bò kote pa l, SAKS reyalize 2 pwogram ki rele Kase chenn ak Louvri je. Emisyon sa yo parèt chak semèn, youn ladan yo fè analiz sou (...)
Randevou ak listwa
Depi lane 2003, listwa ba nou plizyè okazyon pou n fè yon kanpe reflechi sou sa nou fè ak pase nou, e kouman n ap kondi bak avni nou. Ane 2003 a limenm se te selebrasyon 200 lane kreyasyon drapo nou men se te yon premye randevou rate ak listwa. Se te menm bagay la tou pou fèt 200 zan endepandans nou premye janvye 2004. Konsa se plizyè okazyon nou rate pou gade andedan vant listwa pou nou rewè demach zansèt nou yo pou analize aksyon yo te poze, gade valè yo, erè tou yo te fè nan moman revolisyon an ak nan lòt (...)
Sasinay Jan Dominik ak Jan Klod Lwisen : 9 lane apre, enpinite pi rèd
3 avril 2000, asasen touye Jan Dominik ak Jan Klod Lwisen nan lakou Radyo Ayiti. Depi lè sa a Lapolis ak Lajistis mobilize yo di fòk yo jwenn lotè krim nan, jouk jounen jodi a “lankèt se pousui”. Se vre gen anpil arestasyon ki fèt depi ankèt la te koumanse 3 avril 2000 lan, men se toujou kèk ti malere ki sanble moun ki te al tire viktim yo men gwo palto ki te planifye oubyen ki te peye pou al fè krim nan toujou ap flannen kè pòpòz. Fò n di tou anpil nan moun yo te arête yo mouri yon jan dwòl.
Soti 3 avril (...)
Nòt pou laprès 21 fevriye
21 fevriye 2009 la se 10yèm Jounen entènasyonal Lang manman, Sosyete Animasyon Kominikasyon Sosyal (SAKS), k ap batay depi plis pase kenz (15) ane nan peyi a nan fè pwomosyon lang kreyol la, lang manman tout Ayisyen pwofite okazyon sa pou raple tout moun enpòtans edikasyon ak kominikasyon genyen nan devlopman ak pwogrè nan yon sosyete, sitou lè yo fèt ak lang tout moun nan sosyete a konprann ki se lang manman yo.
Dwa yon popilasyon pou l pale lang manman l kote l vle, nan kèlkeswa sitiyasyon, dwa pou l (...)
Mouvman popilè ak Nouvo Teknoloji Enfòmasyon ak Kominikasyon yo
Depi anviwon 2 lane SAKS tanmen demach pou pote teknoloji enfòmasyon ak kominikasyon yo espesyalman entènèt ak enstalasyon Sant Miltimedya Kòminotè nan kòminote ki pi lwen yo ak konkou plizyè patnè finansye tankòu UNESCO ak Developpement et Paix.
Demach sa a antre nan objektif global SAKS ki se pote kole nan demokratizasyon zouti kominikasyon yo nan peyi d Ayiti nan mete zouti sa yo nan men mas popilè yo.
Yo toujou prezante chak nouvo envansyon teknolojik kòm yon revolisyon k ap vin kraze baryè kominikasyon ki (...)
28 oktòb 2008, jounen entènasyonal lang kreyòl : SAKS kontinye batay la.
Jounen Entènasyonal Lang Kreyòl, mwayen pou kominikasyon an pase pi fasil ann Ayiti. Yo toujou di lang yon pèp se nanm li, se rasin li, se zouti l, ki pèmèt li kominike patisipe nan zafè peyi l. Ki kote nou ye jodi a ak lang kreyòl la ?
Depi plizyè lane, SAKS toujou make jounen 28 Oktòb la Li fasil pou konprann anvi pou reyalize yon bagay ki bon mache ak volonte pou rive fè sa w vle fè a. Chapo ba pou tout enstitisyon ak lòt patikilye ki angaje yo nan batay pou fè lang kreyòl la rive kote l ye jodi a. Sosyete Animasyon ak (...)
Radyo kominotè ayisyen yo fòme AMEKA (Asosyasyon Medya Kominotè Ayisyen)
Batay pou bay radyo kominotè yo plis jarèt ap kontinye nan lespri pou yo kapab vin pi pratik kòm zouti batay nan angajman yo pran pou amelyore kondisyon lavi kominote y ap evolye yo. Asosyasyon Medya Kominotè Ayisyen (AMEKA) se nouvo non regwoupman radyo kominotè manm AMARC (Asosyasyon Mondyal Radyo Kominotè) yo ann Ayiti.
Soti 16 rive 18 jiyè 2008 la nan Pòtoprens, 20 manm AMARC (radyo, rezo fanm, sant pwodiksyon) deside mete yo ansanm apre chita pale yo te genyen, nan reflechi sou pwoblèm kominikasyon (...)
|
|