Recents
documents mis en ligne ici
Yon jès, yon rèl, yon aksyon pou anviwònman an
Nesner Samuel (depatman Nòdwès), Pwofèt Clifòd (depatman Nòdès), Cadichon Mackenson (depatman Sidès), se non twa (3) moun ki pote lamayòl katriyèm edisyon konkou Pwezi nasyonal Felix Moriso Lewa. Yon konkou Sosyete Animasyon Kominikasyon Sosyal (SAKS) reyalize nan kad travay sansibilizasyon ak konsyantizasyon l ap mennen pou ede popilasyon an chanje move pratik li genyen sou anviwònman an.
Ane 2009 la make katriyèm lane (4) depi Sosyete Animasyon Kominikasyon Sosyal (SAKS) mete kanpe konkou Pwezi nasyonal ki (...)
28 oktòb 1992-28 0ktòb 2009 : 17 lane depi SAKS ap pouse kominikasyon popilè a pi douvan
Sosyete Animasyon ak Kominikasyon Sosyal (SAKS) gen 17 rekòl kafe sou tèt li. Ki sans anivèsè sa a genyen jounen jodi a pou enstitisyon an ?
Yon lòt kominikasyon ki dwe pote chanjman sosyal, devlòpman ekonomik ak demokrasi
Nou kapab gade sans lan nan oryantasyon SAKS pran aktyèlman. Enstitisyon an toujou rete fidèl ak misyon li ki se « fè pwomosyon pou yon lòt kominikasyon » ki pote chanjman sosyal, devlòpman ekonomik ak kiltirèl ak demokrasi pou peyi a. SAKS toujou kwè kominikasyon an se yon zouti ki kapab ede majorite (...)
12 prensip Seremoni Bwa Kayiman yo, yon gid pou tout Ayisyen
“Lang nou ak nou, Kreyòl pou Kreyòl ”, se gwo tèm k ap travèse kenzèn selebrasyon lang kreyòl la. Nan okazyon sa a, plizyè òganizasyon tankou Sosyete Animasyon Kominikasyon Sosyal (SAKS), Fakilte Lengwistik Aplike (FLA), Sekretèri Deta pou Alfabetizasyon (SEA) ak plizyè lòt enstitisyon ap òganize yon seri aktivite tankou divès konferans deba pou make jounen lang Kreyòl la. Nan dat 26 oktòb la, mesye Pierre Michel Chery te bay yon konferans sou tèm : “Kòmantè sou prensip Bwa Kayiman.” Konferansye a te (...)
Haïti-Culture : Des activités prévues jusqu’au 2 novembre pour célébrer la langue Créole
 Diverses activités culturelles se poursuivent jusqu’au 2 novembre 2009 à Port-au-Prince pour célébrer la langue Créole, dont le 28 octobre ramène la Journée internationale.
Conférences autour des thématiques liées à la problématique de la langue créole, représentations théâtrales, entretiens avec des « maîtres du tambour » sur la musique « rasin », expositions d’œuvres d’art et de livres en créole, promulgation des résultats de la 4e édition du concours de poésie « Félix Morisseau-Leroy » : autant de manifestations culturelles (...)
Lang kreyòl la nan “kalfou filozofik” 20yèm syèk la
Kesyon lang nan se li menm ki domine tout filozofi a depi 20yèm syèk la. Gen yon filozòf alman, Jurgen Habermas, ki menm rive di tout filozofi a nèt rive nan yon “kalfou lengwistik”. E se nan kalfou sa a kote anpil lòt disiplin syantifik tankou sosyoloji, sikoloji, lengwistik, medsin, edikasyon... pral blije panche yo sou pwoblematik lang nan.
Youn nan premye moun ki te anonse “kalfou” sa a se Fréderic Nietzsche (1844-1900). Filozòf alman an te rive poze yon kesyon jouk jounen jodi (...)
|
|