| Sit Wèb SAKS la rekòmanse fonksyone
|
Soyete Animasyon ak kominikasyon Sosyal (SAKS) voye eskiz bay tout vizitè yo pou pwoblèm teknik ki te lakoz sit wèb li a pa disponib pandan yon ti bout tan.
SAKS ap anonse tout vizitè yo sit la retounen an liy kòmsadwa, pandan l ap envite yo toujou vizite l sou www.saks-haiti.org. Enstitisyon an renouvle angajman l pou toujou enfòme tout moun nan nivo nasyonal ak entènasyonal sou sa k ap pase sitou nan sa ki gen pou wè ak kominikasyon.
Nou pwofite mande tout moun ki pa te ko enskri sou lis kontak la pou yo fè sa, konsa y ap kab resevwa enfòmasyon yo an premye sou adrès elektwonik yo.
Mèsi pou pasyans nou
|
|